Academic journal article Journal of Haitian Studies

Etnografi De (2) Dans Rityèl Nan Vodou Ayisyen

Academic journal article Journal of Haitian Studies

Etnografi De (2) Dans Rityèl Nan Vodou Ayisyen

Article excerpt

Entwodiksyon

Depi mwen toupiti, mwen renmen danse. Nan lekôl primé, mwen te toujou nan gwoup timoun k ap danse sou sèn (ki ap jwe nan koregrafi). Kèk tan aprè, mwen rantre nan yon twoup folklorik kote yon zanmi mete mwen an kontak avèk Teyat Nasyonal Dayiti. An aprè, mwen vin frekante twoup Tanboula Dayiti, lekôl dans Vivianne Gauthier, EDCom (konpayi dans ak ekspresyon), Twoup Bazilik Kreyol ak lot. Sa fè mwen pase anpil tan ap danse diferan dans folklorik nou yo sou sèn, patisipe nan espektak . . . Se epôk sa tou, defen pwofesè teyatwolôg- etnológ Gerard Resil aprann nou diferansye dans ki nan peyi a selon analiz etnolôg dansé Michel Lamatinière Honorât ki separe dans nou yo konsa : « les danses sacrées, les danses profanes, les danses profanées ».' Lè mwen rantre lekôl nômal preskolè, ansanm travay yap montre nou fè sou psikomotrisite fè mwen sonje tout mouvman dans folklorik mwen können yo ; epi, sou konsèy pwofesè dans Vivianne Gauthier, mwen fè dènye travay pou diplôm mwen an sou wôl dans nan edikasyon timoun. Sa ki fè mwen pase plis ke yon deseni nan ansèyman dans nan lekôl preskole ak primé jiskaske mwen rantre nan Fakilte Etnoloji.

Fakilte Etnoloji pral fè m dekouvri dans sou yon lot aspè.

Nan lane 2007, pou fèt Pak, pou premye fwa nan lavi mwen, mwen te ale sou teren avèk yon gwoup etidyan Fakilte Etnoloji. Konsa, nou fè Kalvè Mirak,2 vandredi sen, nan komin Gantye, epi, aprè, nou rantre lakou Souvenans nan Gonayiv. Etonman nou te fô devan fason Ayisyen ap viv lavi espirityèl yo, melanje ak pasyon vizib ki lakay yo pou dans. Kesyonman koumanse monte nan tèt mwen devan-dèyè, lè mwen tap gade kantite rara ki tap taye banda sou wout nasyonal nimewo 1 ki mennen nan Nô peyi a. Nou swiv wout la, maigre tout boulvèsman nou te genyen nan lespri nou, jiskaske pwofesè nou ki te akonpaye nou nan lakou Souvnans vin rankontre nou. Pwofesè Jean Yves Blot pran nou sou responsabilité li, li gide nou e li mennen nou vizite twa (3) lakou nasyonal nan Gonayiv ki se : «lakou Souvenans, lakou Badjo ak lakou Soukri».

Lakou souvenans, eritye rityèl Dahomey, montre mwen gade Vodou sou yon aspé mwen pa konn gade avan. Yo te montre m Vodou kôm yon move bagay, yon kote moun serye pa dwe frekante. Nan tèt pa mwen se vye granmoun sèlman Vodou kenbe. Kidonk, li pa lwen pou li disparèt nan peyi a lè tout vye granmoun sa yo fin mouri. Pap gen pèsonn ki pral pratike Vodou. Sitou ak kantite konvèsyon kap fèt chak jou nan legliz, nan kwazad; kantite gwo legliz kap konstwi nan gran vil yo pa pèmèt nou mezire pwa Vodou a nan mitán pèp ayisyen an. Premye teren sa a mwen te fè avèk Pwofesè Blot make mwen anpil. Sa fè m dekouvri pwa Vodou a nan peyi a. Mwen te viv tou pou la premyè fwa, pwa dans lan nan Vodou.

Premye eksperyans sa a te mennen m al fouye liv pou mwen wè ki sa Etnológ yo di sou dans nan Vodou. Jean Price-Mars eksite kiryozite nou nan Ainsi parla l'oncle lè 1 ap pale sou atachman pèp ayisyen genyen avèk dans an jeneral, kote li ale pi lwen lè li eksplike nou atachman ras nwa genyen ak dans andedan relijyon yo.3 Nan Le Vaudou haïtien, Alfred Métraux pale sou dans nan Vodou nan sèlman yon paj edmi. Epi, sa li di sou dans se yon rale sou kèk dans ki pi kouran nan mond atistik ayisyen an, ki soti nan Vodou a epi ki klase kôm dans rityèl.4 Nan La Tradition Voudoo et le Voudoo haïtien, Milo Rigaud fè yon ti pale sou dans nan Vodou nan de (2) paj (li pa fin rive de paj nèt) sou kat-san-ven-twit (428) paj.5 Yon lot liv ki pote menm non ak pa Alfred Métraux a, Le Vodou haïtien men ki soutitre Le Vodou haïtien : Rites Rada-Congo, Louis Maximilien pale sou dans lan nan yon demi paj. Oté a presize ke yo pa können dans Vodou yo epi li konfese dekri yo mande yon abilite espesyal.6 Nan Les Croyances ancestrales des Haïtiens Annette Dufresne ekri, pa gen anyen ki di sou ekzistans dans nan Vodou ayisyen an. Nan yon piblikasyon ki pi resan Le Cahier sacré du Vodouisant, Carol De Lynch te fè sôti nan lane 2008, li rakonte anpil bagay sou diferan trè, sou plizyè eleman ak plizyè kalite rityèl nan Vodou a, poutan li pa fè menm yon ti rale sou dans nan Vodou. …

Search by... Author
Show... All Results Primary Sources Peer-reviewed

Oops!

An unknown error has occurred. Please click the button below to reload the page. If the problem persists, please try again in a little while.