Academic journal article Journal of Haitian Studies

An N Bati Lekòl Tèt an Wo: Lang Manman, Pedagoji Ak Teknoloji Kòm Engredyan Fondal Natal Pou Yon Ch Anjman Radikal

Academic journal article Journal of Haitian Studies

An N Bati Lekòl Tèt an Wo: Lang Manman, Pedagoji Ak Teknoloji Kòm Engredyan Fondal Natal Pou Yon Ch Anjman Radikal

Article excerpt

Pifo engredyan nan atik sa a se pou n rezime yon lot atik ki te pibliye ane pase (an 2018) sou rannman Inisyativ MIT-Ayiti a nan domenn edikasyon. Lot atik sa a te paret nan youn nan pi gwo jounal lengwistik nan lemonn- yon jounal syantifik ki rele Language! Se Sosyete Lengwistik oz Etazini ("Linguistics Society of America"), ki se pi gwo asosyasyon entenasyonal pou lengwistik, ki pibliye jounal sa a.

Rezon prensipal ki fe n ekri atik sa a pou Journal of Haitian Studies, apre n te fin pibliye atik nan jounal Language la, se paske n vle sevi ak lang kreyol la pou n pataje kek nouvo rezilta travay MIT-Ayiti a ak koleg edikate nou yo ann Ayiti, espesyalman sila yo k ap travay kou Met Jan Jak pou yo chanje eskanp figi lekôl nan peyi a.

Epi tou, analiz ki nan atik sa a antre direk direk nan yon deba manch long ki te komanse depi le ewo nasyonal yo te lanse konba liberasyon pou endepandans peyi d Ayiti. Se depi le sa a deba a komanse konsenan ki sa ki dwe fe Afriken ak desandan Afriken ann Ayiti vin "moun" tout bon-kom ki dire yo pa te ko "moun" anvan kolon blan te mete yo nan esklavaj. Pa egzanp: Eske se lang ak kilti kolon blan franse yo ki ka fe moun nwa nan Sen Domeng (zanset sa yo ki t ap goumen kont lesklavaj) vin "moun" tankou kolon yo? Eske se "latinite" (egal: kilti kolon franse yo) ki ta nesese pou "mounite" Ayisyen yo, pou yo ka vin "sivilize" nan menm nivo ak blan ewopeyen yo? Jean-Jacques Dessalines te kle sou kesyon sa yo: Afriken yo ansanm ak desandan a yo nan Sen Domeng te deja djanm nan mounite yo e yo te deja gen "lang a yo". Ki fe yo pa te bezwen lang "lezot". Nan Konstitisyon 1805 la, Dessalines te deklare tout Ayisyen se moun "nwa" kelkeswa koule po yo. Li te deside sa paske l te konprann ki jan chenn mantal ka pi malouk pase chenn metal. Se kon sa tou Jean-Price Mars te vin goumen kont sa l te rele "bovaris kolektif"-ki vle di: yon fenomen kote Ayisyen ki we tet yo kom gran save ap aji kom si yo se blan franse ki gen po nwa (sa fe n sonje analiz ki nan liv Frantz Fanon ki rele Peau Noire, Masques Blancs). Malerezman, apre Dessalines, plizye gran entelektyel kreyolofôn (Demesvar Delorme, Anténor Firmin, Louis-Joseph Janvier, Dantes Bellegarde, Hénock Trouillot, Jean Metelius, Leslie François Manigat, ak yon paket lot anko) te vin deklare se kilti kolon blan yo ansanm ak pratik lang franse a ("frankofoni") ki ka fe Ayisyen vin "moun" tout bon. Ata gran entelektyel anti-kolonyal Aimé Césaire te panse lang kreyol Matinik la se yon "enfimite" ki t ap bloke devlopman konpatriot Matinike li yo.2

Kalte prejije sa yo te vin antre nan yon deba ki pi laj konsenan ki zouti ki nesese pou n kaba chenn mantal sa yo. Chenn sa yo toujou ap patisipe nan bloke liberasyon ak devlopman peyi d Ayiti ansanm ak lot kominote ki toujou an ba bot nouvo sistem kolonizasyon kote se lang ak edikasyon ki ranplase zam tankou kannon. Atik sa a, ki baze sou rezilta rechech ke n te pibliye nan jounal Language, prezante kek engredyan ki nesese, menm si yo pa sifizan, pou n vanse pi devan nan konba Vetye sa a pou liberasyon total pep souvren an.3

Men lide prensipal atik ki nan jounal Language la: Lang natif natal nou, pedagoji enteraktif ansanm ak teknoloji moden, sa se twa fakte ("twa woch dife") ki nesese, menm si yo pa sifi, pou akouche bel kalte edikasyon ki aksesib alawonnbade pou tout moun tou patou. Nan ka Ayiti, rechech nou sou "twa woch dife" sa yo fet nan kad yon sistem edikasyon ki pote mak kolonyal "lekol tet an ba" kote franse sevi kom lang prensipal nan anseyman (sitou nan materyel ekri ak egzamen) malgre se yon ti pousantaj zuit popilasyon an ki pale franse fen e byen. Nan lekol tet an ba sa yo, mod prensipal aprantisaj la se repete teks an franse san konprann, tankou jako repet. Sa ki pi red, kreyol la, ki se sel grenn lang ki rele tout Ayisyen ann Ayiti che met che metres, pa ko janm jwenn plas li nan diskou fomel ak dokiman ekri k ap kreye epi transmet konesans nan espas ofisyel yo, tankou lekol, tribinal, palman, biwo leta, e latriye. …

Search by... Author
Show... All Results Primary Sources Peer-reviewed

Oops!

An unknown error has occurred. Please click the button below to reload the page. If the problem persists, please try again in a little while.